Volonte W
1
views
Lyrics
Volonte w 1- Yèswa m eseye dòmi Lespri m te chaje kesyon, M pa t kapab jwenn pyès solisyon: Kibò lavi mennen m? Èske m ap viv pou m wè demen? Pafwa m mande yon ti kore, Fè m santi w pi pre, BonDye... ... Pou mwen poze Tèt mwen sou zepòl ou, Pou mwen fouye Pi fon nan Pawòl ou, Tanpri souple, Pa kite m mache Lwen volonte w. 2- M ap toujou sonje Pwomès ki di W p ap janm kite mwen, Poutan mwen konnen byen Plezi kapab rale m byen lwen w, Pen w ap toujou tou pre m – Erè, betiz mwen korije E plas mwen toujou rezève Nenpòt kilè m t a deside... ... Pou mwen poze Tèt mwen sou zepòl ou, Pou mwen fouye Pi fon nan Pawòl ou, Tanpri souple, Pa kite m mache Lwen volonte w, volonte w. Kite m poze Tèt mwen sou zepòl ou, Kite m fouye Pi fon nan Pawòl ou. Tanpri souple, Pa kite m mache Lwen volonte w, Pa kite m mache Lwen volonte w, Pa kite m mache Lwen volonte w, Pa kite m mache Lwen volonte w, Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w. Fen
Audio Features
Song Details
- Duration
- 04:02
- Key
- 10
- Tempo
- 121 BPM