Nou se ayisyen

3 views

Lyrics

Se nan solèy la mwen benyen
 Lè mwen leve lè maten
 Nan lawouze m badijonnen
 Mwen fyè ke m se Ayisyen
 Rasin mwen plante an Afrik
 Yo te mennen m ladan l kou ti bourik
 Men zansèt mwen te lite
 Pou ban m libète ak fyète
 Frè m ak sè m, pinga n reziye n
 An nou chèche konn kisa k bloke n
 Se vre chenn lan te soti nan pye n
 Men nou toujou esklav nan panse n
 Pran almanak ann chèch on dat
 Nou bezwen yon lòt 1804
 Zansèt nou yo te fè li deja
 Li nesesè pou n refè l jodi a
 Yo kolonize n plizyè fwa
 Sou yo, nou toujou jwenn viktwa
 Nou se yon pèp ki gen listwa
 Nou se yon pakèt renn ak wa
 Lè pitit mwen mande m, "Papa"
 "Kiyès mwen ye?" Mwen gade li nan je
 Ak ponyèt mwen konsantre
 Mwen di l, "Cheri, se Ayisyen w ye!"
 Frè m ak sè m, pinga n reziye n!
 An nou chèche konn kisa k bloke n, (ay)
 Se vre chenn lan te soti nan pye n
 Men nou toujou esklav nan panse n
 Pran almanak ann chèch on dat (rale almanak la)
 Nou bezwen yon lòt 1804
 Oh, Zansèt nou yo te fè li deja
 Li nesesè pou n refè l jodi a, woy
 ♪
 Ayisyen
 Nou se yon sèl ras, yon sèl klas, sa nou ye?
 (Nou se fanmi) Se sa wi!
 Woy
 ♪
 Ayayaya-yayayay!
 Poze w
 Etaj sa pi wo, wi!
 ♪
 Wo-oh-oh, ah-ah!
 Ala dous!
 ♪
 Wo-ay! Yo kolonize nou plizye fwa
 Boure sèvo n ak fatra, fè n dezakòde
 Sa fè nou diveje
 Men pi vit nou rive aksepte sa
 Se pi vit nou pral ka chanje sa, ann ale!
 Toujou, toujou sonje
 Nou se Ayisyen
 Se sa nou ye
 Nou fyè, nou se Ayisyen
 Nou pa vle sa chanje
 Nou se Ayisyen
 Sa p ap chanje
 Nou fyè nou se Ayisyen
 Ay! Mwen di se nòmal, oh
 Si yo kolonize nou plizye fwa
 Boure sèvo n ak fatra pou n dezakòde
 Sa fè nou diveje
 Men pi vit nou rive aksepte sa
 Se pi vit nou pral ka chanje sa, ann ale!
 Toujou, toujou sonje
 Nou se Ayisyen (oh, ay!)
 Se sa nou ye
 Nou fyè nou se Ayisyen
 Nou pa vle sa chanje
 Nou se Ayisyen
 Sa p ap chanje
 Nou fyè nou se Ayisyen
 Pa bliye lè chay soti sou tèt pou l tonbe sou zepòl, eh!
 Yon sèl ras, mezanmi!
 Yon sèl klas! Sa nou ye?
 (Nou se fanmi)
 Klass it is, baby!
 ♪
 Ouh-ouh, la-la-la-la-la-la
 Sa pa zobodop non
 ♪
 Se fyète nou
 Chante! Chante!
 Nou se Ayisyen!
 Se sa nou ye
 Nou fyè nou se Ayisyen
 Nou se Ayisyen
 Sa p ap chanje
 Nou fyè nou se Ayisyen
 Nou se Ayisyen
 Se sa nou ye
 Nou fyè nou se Ayisyen
 

Audio Features

Song Details

Duration
05:25
Key
5
Tempo
120 BPM

Share

More Songs by Klass

Similar Songs