Wa Di Yo

10 views

Lyrics

Te gen tan wè wout mwen ta pral pase a
 Mechan yo monte yon pakèt gwo mi pou bare m, pou bare m
 Malgre sa m t ap janbe yo rale m, mwen tonbe, mwen tonbe, a yo, a ye
 M pa vle rete a tè, nan do m pou yo pa fè sa yo vle, non, non
 Sa k pa konpran di m se parese mwen ye
 Sa k pa konpran di genm nan m' te mal atake, a yo
 Limyè, enèji e
 Zanj bondje klere, klere
 W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo anko, anko
 W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l
 Wa di yo, mwen la toujou
 Wa di yo, mwen la toujou
 Dè fwa w leve, wè tout bagay parèt nwa, devan w
 Vire gad'onw lòt, k ap triyonfe viktwa
 Tout otan ou gen lavi, pa sispann batay, ou nan konba e
 Lavi a anwo, dè fwa l, pandye tèt anba, a yo
 Sa k pa konprann di m se parese mwen ye
 M ap di w se pa vre
 Sa k pa konprann di genm nan te mal atake
 Se pa vre
 Limye, oh!
 W a di yo, nèg yo pa gen renmen nan kè yo anko, anko
 W a di yo, lavi gen plis sekrè ladan l
 Wa di yo, mwen la toujou
 Wa di yo, mwen la toujou
 Kot pil renmen yo tap di w, yo renmen w lan
 Gad nan kè yo, pa genyen l vre
 Y ap fè w bèl pwomès, epi pòt kè yo kadnase
 Pa genyen l vre
 Lanmoun enchene, enterè prime, wo anmwey ooo
 Pa genyen l vre
 Y ap ba w bèl pawòl, gad fon kè ... yo, se pa vre
 Pa genyen l vre
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo
 Wa di yo

Audio Features

Song Details

Duration
06:33
Key
7
Tempo
80 BPM

Share

More Songs by Lakou Mizik

Albums by Lakou Mizik

Similar Songs