Ou Fè Twòp

6 views

Lyrics

Ou rele m' twa fwa pa jou
 W'ap di m' n'ansanm pou toujou
 Pa okipe sa k'ap met bouch sou nou yo
 Eske se paske ou panse ke se sa m' vle tande
 Chak apèl dire twazèdtan
 Dèfwa m'domi nan telefòn nan
 Men fòk sa chanje
 Sinon kòd la ap kase
 Si w' renmen m' jan ou di'l la
 Manyen bliye m' monchè
 Sa pap koute w' chè pase sa
 Eske se sèl mwen k' wè
 Poudi se mwen k' lakòz
 Poudi se mwen k' antò, ankò
 M'bouke reponn apèl ou, apre minwi
 M' fatige wè souri ou chak apre-midi
 Lò mwen louvri pòt la
 M' santi pou ou m'tounen on dwòg la
 Fi wap rele kòkòt la
 Twouve w'anvayi l' twòp la
 Men fòk sa chanje
 Sinon kòd la ap kase
 Si w' renmen l' jan ou di'l la
 Manyen bliye l' monchè
 Sa pap koute w' chè pase sa
 Eske se sèl mwen k' wè
 Poudi se mwen k' lakòz
 Poudi se mwen k' antò, ankò
 Yon obsesyon pou nonm sa
 Si w' konn jan l'enève m'
 Lè l' di mwen konsa
 Cheri mwen fou pou ou
 Men ka touye pou ou
 Tanpri bondye di on pawòl
 Paske san sa map fin fòl
 Yon obsesyon pou nonm sa
 Si w' konn jan l'enève m'
 Lè l' di mwen konsa
 Mwen fou pou ou
 Toujou pou ou
 Men fòk sa chanje
 Sinon kòd la ap kase
 Si w' renmen m' jan ou di'l la
 Manyen bliye m' monchè
 Sa pap koute w' chè pase sa
 Eske se sèl mwen k' wè
 Poudi se mwen k' lakòz
 Poudi se mwen k' antò, ankò

Audio Features

Song Details

Duration
04:40
Tempo
129 BPM

Share

More Songs by Miu Haiti

Similar Songs