Tann

6 views

Lyrics

Tann, se tann, mwen chita map tann
 Li vire je l' gade nan direksyon m'
 Malgre tout sa mwen fè pou m'atir'atasyon l'
 Je l' pase sou mwen, kòm si mwen pat ekziste
 Tann, se tann, mwen rete map tann
 Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l'
 Mwen fe ti touse, mwen baye, m'respire fò
 Kisa mwen fèki fe li paka wèm'
 Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m'
 Mwen pa sipòte endiferans won flèch
 Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m'
 Mwen ki te panse, mwen te ilimite
 Ou se limit mwen, ou fèm renonse
 Se pa yon bagay, fasil pou aksepte
 Si m' koute kolè m', m'ap tounnen on danje
 Lè mwen ap gade ou, je ou lòt kote
 Lè m' vire m' santi, je ou nan do m' kou dife
 M'pa fouti konprann, m'ta renmen w'eksplike m'
 Kisa mwen fèki fe li paka wèm'
 Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m'
 Mwen pa sipòte endiferans won flèch
 Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m'
 Mwen eseye tout sa ki ta posib
 Mwen te panse mwen te yon fanm ki lib
 Men ou kraze libète m'
 Ou mache sou lachte m'
 Lò ou chèche ou twouve
 Chèche ou toupatou
 Lannwit kou douvanjou
 Mwen pa janmen twouve ou
 Pa tanmen trape ou
 Ou kache m'pa konn kote ou sere
 Kisa mwen fèki fe li paka wèm'
 Kisa pou m' fè pou l' ka panse avè m'
 Mwen pa sipòte endiferans won flèch
 Kwè mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m'
 Tann se tann mwen chita m'ap tann

Audio Features

Song Details

Duration
04:04
Key
4
Tempo
110 BPM

Share

More Songs by Miu Haiti

Similar Songs