Li Konnen m la

3 views

Lyrics

M ap chante avè yo
 M ap manje pami yo
 Mwen la nan mitan yo
 Poutan kou m vire do
 Se koutlang kout kouto
 Mwen pa konn sa m fè yo
 Se Bondye k fè m favè
 Si chante m bay limyè
 Pou geri mal nan kè
 Pa konte m kòm chantè
 M ap jere w ministè
 Yon onksyon k sot anlè
 Papa m konnen m la
 Anba mechan yo kè m pa sote
 Gran Frè m konnen m la
 Nan bann jalou yo m pa ebranle
 Sentespri konnen m la
 Nan dezè a m ap espere
 Jezu pa m nan konnen m la
 Jou temwanyay mwen m ap tann rive
 -II-
 Yo vle wè m sou vye pant
 Yo renmen lè m sou vant
 Lè mwen tonbe sou jant
 Yo pran pòz y atriste
 Yo pran ede m priye
 Kèk nan yo menm kriye
 Ipokrit san mezi
 Antre yo y ap rejwi
 Yo di m ap tou fini
 Lè yo vin pase wè m
 Yo vin jofre malè m
 Pran plezi nan doulè m
 Refren 2
 Papa m konnen m la
 Yo mèt ban m tout chay pote
 El Shadaï konnen m la
 Yo mèt fè m tounen machpye
 Mèt tè a konnen m la
 Sou kalvè a m ap pèsevere
 Jezu pa m nan konnen m la
 Jou temwanyay mwen m ap tann rive
 -III-
 Zanmi si w ap jemi
 Nan legliz w ap kobi
 Lafwa w an agoni
 Se pa fòt levanjil
 Lèzòm mechan anpil
 E wout syèl pa fasil
 Pa fè w pa rete la
 Pa di w ap lage sa
 Bondye konnen ou la
 Lè yo fè kò sou ou
 Sonje w pa poukont ou
 Se pou sa w gen jenou
 Refren 3
 Papa m konnen m la
 Yo mèt pran m pou egare
 Jehovah konnen m la
 Yo mèt fè m tout mechanste
 Wa dè Wa a konnen m la
 Anba bann trèt yo m ape kenbe
 Jezu pa m nan konnen m la
 Jou temwanyay mwen m ap tann rive
 Mwen pa pral nan diskisyon
 Paske Bondye konnen mwen la
 M pa p fè yo eksplikasyon (KL)
 Mwen konnen mwen pa ka wont (KL)
 Syèl gen pou mande yo kont (KL)
 Konplo lenmi yo pa ka fè m pè (KL)
 Sa yo pa vle a se li y ap wè (KL)
 Mwen pa p janm fè tèk chankre (KL)
 Zafè syèl mwen vin okipe (KL)
 Yo mèt trennen m labatwa (KL)
 Se mwen k pou pot laviktwa (KL)
 Yo mèt fè ti-pil-gwo-pil (KL)
 M pa p janm nan pawòl anpil (KL)
 Mwen pa p janm nan degaje (KL)
 Mwen pa p janm nan demele (KL)
 Yo mèt kontinye pale (KL)
 Mwen pa p gade sou kote (KL)

Audio Features

Song Details

Duration
07:04
Key
2
Tempo
86 BPM

Share

More Songs by Tibob Pour Nazareth

Similar Songs