Li Kapab

3 views

Lyrics

Kèlkeswa pwoblèm ki devan w
 Letenèl pi gran pase yo
 Si Li te fann lanmè wouj la
 Li ka fè l tou (fè l tou)
 Maladi sa k ap wonje w la
 Rafa pi fò pase li
 Si L te geri fanm pèt de san
 Li ka fè sa tou (sa tou)
 Anyen pa plis pase L
 Anyen paka rivalize L
 Li se premye, dènye
 Sèl vrè Dye, wi, sèl vrè Dye
 (Oh, anyen pa plis pasel) anyen pa plis pase L
 (Anyen pa ka rivalize L) anyen pa ka rivalize L
 Li se premye, dènye
 Sèl vrè Dye, wi, sèl vrè Dye
 Montay ki kanpe devan w la
 Jewova pi wo pase li
 Si L kraze miray Jeriko
 Li ka fè sa tou (sa tou)
 Oh, mechan ki ap pousuiv ou a
 Letenèl pi fò pase li
 Si L te anglouti lame Farawon
 Li ka fè sa tou
 (Anyen pa plis pase L) anyen pa plis pase L
 Anyen paka rivalize L
 Li se premye, denye (Li se Alfa e Omega)
 Sèl vrè Dye, wi, sèl vrè Dye
 Wa pou tout tan
 Li ki tou pisan
 Li menm, jan L te ye a, Li pa janm chanje
 (Chante)
 Wa pou tout tan
 Li ki tou pisan
 Li menm, jan L te ye a, Li pa janm chanje
 (Oh, Li kapab) Li kapab
 (Wi Li li kapab) Li kapab
 (Bondye m nan an) Li kapab
 (Anyen pa enposib pou li) Li kapab
 (Li te chanje dlo an diven) Li kapab
 (Li ka geri, geri maladi w la) Li kapab, Li kapab
 (Li kabap, ye!) Li kapab, li kapab
 (se Li k te leve Laza) Li kapab
 (Anyen pa enposib) Li kapab
 (Li kapab) Li kapab, Li kapab
 (Li ka seche dlo nan je w) Li kapab
 (Chanje sitiyasyon w lan, kwè sa)
 Anyen pa plis pase L
 Anyen paka rivalize L
 Li se premye, denye
 Sèl vrè Dye, wi, sèl vrè Dye
 

Audio Features

Song Details

Duration
04:31
Key
2
Tempo
150 BPM

Share

More Songs by Wiliadel Denervil

Similar Songs