Ou Se Lanmou (feat. T-Joe Zenny)

6 views

Lyrics

stella#1&
 Ou se tout sam genyen
 Ou se tout sam bezwen
 Ou se tout sam rete
 Apre tout sam pèdi
 Ou se trezò kachem
 Sèl sa mwen posede
 Ou se tout anndan mwen
 Nanm mwen Ou se
 Ou se lanmou ou se lanmou
 Ou se melodi m enspire
 lè kod gitam dezakòde
 Lè chalè lanmou m gen pou ou a nan kèm ap debòde
 Ou sonw anj yon fenomèm yon bote natirèl
 Se ou k fèm kwè jounen jodi a yon fanm ka fidèl
 Ou se lanmou an pèsòn mwen konenm depase lèbòn
 Map travay pou lanmoun grandi poun pa wont devan je lèzòm
 Kotew pase w pile san te kache lanmou pouse
 Lèw souri se komsi map kontanple solèy kap kouche
 Ou se joum fèt jou map mouri
 Menm kou trèt pap fèm kouri
 Ou met fèm konfians cheri
 Nan lanmou sa mwen pa vle fèw soufri
 siw konen pi devan w gen pouw fèm lèd cheri ou mèt kitem peri
 Paske maladi lanmoum lan ou se medikaman k ka geril
 Ou se tout sam genyen
 Ou se tout sam bezwen
 Ou se tout sam rete
 Apre tout sam pèdi
 Ou se trezò kachem
 Sèl sa mwen posede
 Ou se tout anndan mwen
 Nanm mwen Ou se
 Ou se lanmou ou se lanmou
 Menm lèm konen Gen moun ki pa vle kwè
 Gen mounkap di m fè gwo erè
 Sak kap di m pa gen respè
 Gen moun kap dim fè twòp eksè
 Tanpri pa kritikem banm you ti chans souple
 Sa map din la pa enposip em konen ka pwouve
 Tout sa se lanmou liye
 Mwenm tankou yon boukliye
 Poum pa pèdiw map pwotejew fòs mwen se ou liye
 Se ouk seche dlo nan jem
 Ouk ekate danjem
 Manje ranjem pranl jan ou vle
 Ouk fè lavim chaje
 Se Ouk pa janm deranjem
 Ouk pa janm melanjem
 Fèm sa ou vle pranm jan ou vle
 ou ki ka aranjem
 Map pran plezi nan pwotejew
 Fè pou lemond pwogrese
 E wè deziw se pote èd bay moun ki oprese
 Menm si m ta va pran dimil ane
 Mwen pa tap janm ka fin esplike
 Tout sa ou ye pou mwen
 Se nan ou mwen jwenn plezi
 Fè tout chagrenm pati
 San ou pa gen lavi
 Ou se zanmi mwen manman pitit mwen madan maryem
 Ou se bonè mwen lajwa mwen epiw se boukliyem
 Pou mwen ou se lanmou
 M pa we mwen k pral viv san ou
 Lè mwen pran tan poum reflechi
 Sou tout sa ke ou ye
 San pèdi tanm reyalize sonw fanm tankouw ke mwen te vle
 Ou se yon akò yon amoni yon senfoni k fè pran foli
 Yon mizik ki fèm dòmi, ou se lanp lenmen la vi
 Tout sam reve tout sam swete
 Tout sam veye sak fèm viv ere
 Nan jew m we ou se lanmou
 Lèw bat jew m wè li plis toujou
 Manman pòch so uok sèlman ki konn lèm rakou
 Manman vant mwen ou sèlman ki konn lèm grangou
 Men lèm ta chache m pap janm jwen yon lòt tankouw
 Ou se tout sam posede
 Tout sam tolere
 Ou se fòs mwen feblès mwen jwa mwen tristès mwen
 Ou se tout sam genyen
 Ou se tout sam bezwen
 Ou se toout sam rete
 Apre tout sam pèdi
 Ou se trezòm kache
 Sèl sa mwen posede
 Ou se tout anndan mwen
 Nanm mwen Ou se
 Ou se lanmou ou se lanmou
 

Audio Features

Song Details

Duration
03:57
Key
2
Tempo
123 BPM

Share

More Songs by Rockfam

Albums by Rockfam

Similar Songs