Pou Ou M'ye

6 views

Lyrics

stella#1
 Cherie se pou ou m ye
 Ou pa bezwen gad dèyè
 Mwen korije avek erè mwen te konn fè avanyè
 Ou pa bezwen panike
 Jalouzi pa fèw pete goumen
 Menm lèw konnen ke'm son'w etwal bebe tout je klere sou mwen
 Genyen k' di se moun fou m ye
 Men cherie nou pap janm okipe yo
 Tout bèl okazyon la vi ba nou fòk nou profite yo
 Se avèw mwen adikte
 Ou pa bezwen pè cherie mpa prale
 Mwen pap voye monte men se kèm kap pale
 Eh yo, lèm di se pou ou m' ye son'w sèman a tout franchiz mwen fè
 Yo di se moun fou m ye lanmou pou ou fèm pran kriz tout lè
 Mwen pap fè betiz, ou konnen m gen metriz
 Tout rèv mwen se ofri'w yon bag pou'n antre nan legliz on lè
 Pa bezwen panike de sa moun yo ap pale
 Menm si problèm ta frape nou men nou pap janm separe
 Nou fèt pou'n viv a de bebe ou pa bezwen gen dout sou mwen
 Franchman se kè'm kap pale siw ale lavi a a toup pou mwen, bout pou mwen
 Kiyès ki pral rete ki pou fè wout pou mwen
 Se vre m fè anpil eksperyans lèm gade si ou ki tout pou mwen
 Lanmou san konfyans toujou fè .
 Ann bay tet nou on chans an pasan kilè nap fon'w bebe
 Depi m mèt tann nan kabann baby son'w sèl bagay map reve
 Mwen pa ka tann jou sa rive pou'm wè se vwal ou map leve
 Malgre m konnen son'w sakreman si'w poko prè ou pa fè
 Devan lemond map fè sèman mwen son'w gason ki pafè
 Si'm se licifè manmi san manti m tap chwazi lanfè
 Paske se ou ki verite ekzistans mwen sou latè
 Pou'm eksplike'w janm fou pou ou jan Je t'aime pa sufi
 M pap neglije ba ou lanmou mwen konn ti kèw piti
 Map fèw konnen mwen korije mwen pa menm moun nan ankò
 Mwen promèt ou map ret fidèl ak ou menm nan lanmò
 Mwen vle pran'w mennen'w nan sous kot lanmou pouse
 Se pou ou m ye baby ou mèt pranm fè'm fè sa ou vle
 Si avanyè mte konn bay tèt mwen pwoblèm pou sa te konn ap pale yo
 Jodia m konstate se de ou yo t'afame egri yo
 Mpa gen pou'm fè ni tèt cho ni baw do
 E m'ap profite di tout trèt yo ou son'w kado
 Bondye ban mwen'w pou'm profite'm de lavi'm isi ba
 Konfye'w nan mwen pou lanmou'n kapab vin chita
 Sou yon baz de konfyans
 Konsa nap evite tout vie pale san sans ki san enpòtans
 Now map kenbe men'w pou'm fè le tour du monde avèw
 Pran plezi mete'w an evidans pou tout sak pat konnen valè'w
 Yo met pale tintin sou mwen di se sou kou m ye
 Pa okupe pèsòn ou konnen se pou ou m ye
 Si renmen'w se on peche, konnen mwen dejan kondane
 Mwen avèw se pa on foli, mwen ak ou se pou lavi
 Mwen renmen ou, Mwen vle ou
 Pou'w toujou nan vi mwen
 Se ou 'k fè'm wè lanmou se tolerans
 Sa pa anpeche akò nou toulède moutre tout moun sak rele tolerans
 Ou se sèl fanm ki konnen'm
 Menm lè moral mwen konn vle chifonnen
 Ou pranm ak de bra paske provèb la di ja pa ti monnen
 Dèfwa bagay yo rèd pase grangou dimanch
 Nou kontante'n ak sa'n genyen menm si son'w diri blanch
 Dèfwa mpoze tèt mwen kesyon eske mwen merite'w
 Bondye ta dwe banm pimisyon si on jou m vle vin devie
 Anivèsè m toujou absan, fin d'anne m toujou absan
 Travay la di ou konnen pou nou jwenn bonè a nou dwe pasyan
 Sakrifis ou fè pou mwen fèm renmen'w plis toujou
 Se sak fè mpa gen limit menm nan lari map baw bèl kiss boubou
 stella#1

Audio Features

Song Details

Duration
04:33
Tempo
85 BPM

Share

More Songs by Rockfam

Albums by Rockfam

Similar Songs